KONFEDERASYON NASYONAL VODOUIZAN AYISIEN

K.N.V.A.

Maryani, Ayiti, Tél: (509) 3458-1500

Epidemi kolera ki parèt sou peyi a mete absè sou klou apre tranbleman tè12 janvye 2010 la. Sitiyasyon pèp la ap soufri a pi rèd toujou e ap blayi sou tout peyi a soti Plato Santral ak Latibonit, rive nan Lwès;, Nò, Nòdwès; ak Grandans.

Pandan tout moun konnen ka konfimé ak tout prèv – se yon maladi enpòte, men koulye a, se sou do Vodou a y ap mete orijin malè sila a, jouk genyen plis pase 10 moun yo touye nan Sid epi plizyènan Nò tou.

Pi fò souvan, se gwoup ki pi vilnerab tankou fanm, granmoun e menm moun ki andikape, yo trape, kraze ak w&#242ch, lage nan lari, akize se yo ki gen boutèy ap blayi kolera a. Lè fini, yo kite kadav yo nan lari pou chen manje yo.

D apre repòtaj Radyo Melodoi plizyè lenchaj sila yo fèt tou prè sèten pòs polis ki pa entèvni. Ni lajistis pa reyaji nonplis.

Konfederasyon Nasyonal Vodouizan Ayisyen ap pwoteste ak tout fpròs li kont kalite zak sila yo ki sanble tankou 50 kòb ak 2 gouden ak dechoukaj vodou ki te konn ap fèt depi tan benbo sou teritwa peyi d Ayiti a.

K.N.V.A. leve vwa l wo pou di tout otorite piblik yo, epitou popilasyon yo, vit e prese, fè dilijans pou atak sila yo, kont sitwayèn/sitwayen onèt: SISPANN ! Se sa lalwa ak Konstitisyon peyi a di.

Pou K.N.V.A. :
Max G. Beauvoir, Ati Nasyonal